Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Tout bon gen yon defo

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #5830 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Defo pa lòt nan boutèy blanch, defo pa nou nan boutèy nwa

Li fasil pou nou wè defo lòt moun ; li difisil pou nou wè pa nou.

Tout bon gen yon defo

Pa gen anyen ki pafè.

A defo chyen, kabrit al lachas

Fòk nou aprann itilize sa nou genyen. Kèk bagay yon moun ke li pa dwe fè men li fè l nan plas moun ki ta dwe fè l la.

Kwit pou kwit, pwa pou pwa

Sa vle di annou antann nou defo pa w sanble ak defo pa m.

Pitit tig se tig

Kèlkeswa defo papa ak manman se defo pitit la osinon sa papa ak manman konn fè se sa pitit la fè tou.

Malere pa defo

Malere se defo

Babye mouch, babye vyann

Si nou jwenn defo nan mouch yo, vyann lan ka byen gen defo tou.