Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “kouto”
← Tounen nan lis prensipal la
Fè zanmi ak kouto avan zabriko mi

Fè zanmi ak kouto a anvan fwi ki gen gou abriko a mi. "Paske lè l mi, kouto a ap twò okipe pou sèvi w anyen." oubyen "Fè zanmi ak yon moun pandan l disponib."

Se kouto sèl konnen sa ki nan kè yanm

Se sèlman kouto a ki konnen sa ki nan kè yanm/legim rasin blan an. Nou dwe fouye fon nan yon bagay pou nou ka konnen l tout bon. Pa fè moun konfyans nan aparans sifasyal yo. Se sèlman nan eprèv lavi yo vrè kalite yon moun vin parèt aklè.

Zanmi prè se kouto de bò

Moun ki pa gen konfyans nan zanmi ki rete prè li ka fè tripotay sou li osinon pale mal paske l konn tout afè l.

Ti kouto miyò pase zong

Yon moun ki pa gen mwayen egzat pou l realize yon pwojè epi li jwenn yon ti bagay tou pitipoul komanse fè l.

Kouto pa janm grate manch li

Yon doktè pa ka trete tèt li. Èd mityèl se yon nesesite. - Aristide. Resipwosite se yon nesesite. - Aristide. Nou bezwen youn lòt.