Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “devan”
← Tounen nan lis prensipal la
Ravèt pa janm gen rezon devan poul

Ravèt la pa janm gen okenn dwa devan/li pa janm jistifye devan poul la. Fòs fè dwa. Ravèt = ti malere . Poul = lapolis ; moun ki gen mwayen wendè .

Pase devan pa di kont

se byen mache ki konte ~ Yon moun ki kwè nan pasyans ak pèseverans e ki kwè l ap rive kanmenm.

Fou devan; dèyè pa konnen

Moun fou a devan; moun ki dèyè yo pa konnen. Moun k ap dirije yo ka nan move direksyon, epi moun k ap swiv yo pa konnen sa.

Pye kout pran devan

Lè yon moun ap fè yon bagay li ta dwe fè sa pi vit avan l pi ta osinon yon moun ki gen ti mwayen pou l ta regle zafèl pa ti kras.

Devan gwo, piti pa viv

Ti moun yo pa ka siviv lè yo fè fas ak gran moun nan. Ti machann kont chèn alimantè; ti machann kont Wal-Mart.