Yon moun ki an nesesite ki ofriw yon bagay sa pap gen menm valè si se te w ki bezwen l ou ta achte nan magazen.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Moun ki mouri a pa konnen valè yon dra blan. "Mesye sa a pa jije bagay." Flè yo pa t bay pandan lavi yo pèdi sant yo bò tonm nan.
Pèsepsyon kiltirèl ; Fanm mèg pa gen valè.
betiz grannèg se bon pawòl ~ Pou montre se pawòl grannèg ki gen valè.
Soti nan kolòn Roger Savain - enkli??
Sèpan ki pa sonde gòj li p'ap vale krapo.
76, Sèpan ki konnen lajè gòj li, se li menm ki vale krapo a.
Si ou chita ap gade, sa yo ba ou a, se pou ou vale li.
"Ti poul la vale grenn li gen kapasite pou l kaka a."
Sa pòv la di pa janm gen valè; pawòl san sans grannèg yo se bon pawòl/sajès.
Lè yon moun nan betize ak yon moun ki gen plis valè pasel se posib li ka vin pèdi valè.
Mò kite dèt pou vivan.
Se yon nèg ki konn fòs li e ki rantrel nan gwo zafè difisil.
Fòs fanm. Fanm yo dwe reveye ak potansyalite yo.
Si bèf la te konnen fòs li, li pa t ap kite fanm lan mennen l.
Si bèf la te konnen fòs li, li pa t ap kite fanm lan mennen l.
Ou pa dwe janm retire trip pou mete pay. Pa ranplase yon bagay ki gen valè ak yon bagay ki pa gen valè.
Ou mouri; ou pa konnen valè yon dra.