Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Sèl pa bezwen vante tèt li di li sale

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #5239 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Sèl pa bezwen vante tèt li di li sale

Vrè merit pa bezwen lwanj pou granmesi. Vrè merit pa janm bezwen vante tèt li. Bon diven pa bezwen piblisite.

Bwa w pa bezwen, ou pa make l

Li pa fasil pou sonje moun ou pa enterese avè l ou plis make moun ou konnen w ap gen bezwen oubyen pou avili.

Bèf pa janm di savann li pa bezwen l

Bèf la pa janm di patiraj la li pa bezwen l. Nou tout panse yo bezwen nou.

Se pa yon sèl jou bouda bezwen kaka

Yon moun ou te fin ede epi ki pran poz se pa anyen sa kom kwa dire li pa bezwen moun ankò se lè sa yo itilize pawòl sa.

Chemen ou bezwen pa janm long

Yon moun ki gen nesesite pa sèvi ak fatig ou maladi pou l ta al chaje sal gen bezwen an.

Ou ap mande simityè si l bezwen mò!

W'ap mande simityè a si l bezwen moun mouri! "Ou pa bezwen mande m; ou konnen mwen vle l."

Wanga pa manke, se bon ki ra

Yon moun ki bezwen youn epi ki jwenn anpil nan sal gen bezwen men ki pa jwenn kalite kel bezwen an egzakteman.

Ou pa bezwen monte madichon kay

Ou pa bezwen montre yon kay pou move chans /fè move sò. "Voye sò a epi l ap pran nonm nan."