Se tèt ki kenbe kò
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Li nan men yo ak prèv yo kenbe yon vòlè. "Fè atansyon! Pa janm rele yon moun vòlè si ou pa kenbe l ap vòlè."
Kenpe chen ou an, m'ap kenbe baton mwen an.
var: Jan chat mache, se pa konsa l kenbe rat. ent: a) Pa gade sou aparans. (Aparans ka twonpe w.) b) chyen sa a, pa okipe l. Li pa p jape w; men, se yon chyen k mòde antrèt!
Ou poko kenbe chen an; ou pa ka di l ap mouri nan yon chenn. "Ou ka sèten sèlman de sa ou kenbe nan men ou."
Triche pa gen pwoblèm depi yo pa kenbe w.
Yo pa janm kenbe yon vòlè nan pye. "Yo pa janm kenbe yon vòlè san prèv. " pwosè ak ou . L ap fè yon ka avè w nan tribinal.
Kòmanse yon diskisyon pa difisil, men kenbe kont finansye se yon bagay.
Yon moun ki pa gen sekrè pou l pa gen anyen li kenbe nan kèl.