Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè ou sòt, sa pa touye ou, men sa fè ou swe. – plis pase lòt moun nan. Lè ou sòt, sa p ap touye ou, men sa ap fè ou swe anpil. Yon moun sòt p ap touye ou, men li se yon nwizans.
Moun menm kwayans, menm angajman.
Ou dwe gade pye bourik la anvan ou chaje l. Konsidere kapasite yon moun anvan ou ba li travay.
Kite mò yo antere mò yo.
Vòlè a p'ap janm gen plis pase mèt komèsan an/moun ki travay la.
Je yo wont lòt je. Lè ou konnen moun ap gade ou, gen bagay ou pa fè.
Se lè gen diskisyon zanmi gate osinon lè gen pwoblèm ou konn tout koze w ap konn tout sa moun ka fè.
Ou pa menm gen soulye ki fini, epi ou espere vin yon gwo poto nan gouvènman an.
Si w ap tande pedandri yon moun wa bal gwo responsabilite li pa kapab fè.
Pafwa timoun yo lakòz paran yo fè bagay yo pa ta janm fè dabitid.
Chen an vòlè, men li itil.