Lè w abitye ak yon moun olye w ap chanje yon lòt moun li miyò pou tounen kay menm moun anvan an.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ak sa w abitye, se li w konnen.
Lè se yon pat bèf, mwen pito achte l lakay machann /boutikè prefere mwen an. "Si m gen pou m soufri pou yon bagay, m ap soufri ak zanmi m."
Lè w chanje pozisyon ou chanje tout pratik avan yo.
Se nan goute, ou konnen gou ki dire lontan an. Se nan goute, ou konnen vrè gou a. Se nan goute, ou konnen sa goute vle di. Se lè w goute ou konnen ki gou yon bagay genyen. Se lè w goute ou vin gen konesans. Pratik fè pafè.
Mennen yon koulèv lekòl se pa anyen: se fè l chita ki difisil/difisil. "Mennen koulèv la lekòl fasil, men se mete l chita ki pwoblèm nan." Teyori se yon bagay, reyalite se yon lòt. Planifikasyon fasil, pratik pa fasil.