Rad pòv yo travay pou moun rich yo ki mete pantalon.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki pi gran pasew ou dwe respektel li pa gen menm nivo ak ou.
Ou dwe sere kò w anvan ou mete pantalon w. Prepare w byen anvan w pran responsablite.
Yon moun ki renmen yon moun tout bon li pa bezwen konnen si moun nan pòv ou si l rich.
Lè w ap souzestime yon moun lè w kwèl pa anyen lè yo vle fè w kwè li se kichòy yo di w pawòl sa.
Pantalon fann pa nesesèman vle di ou gen pantalon ki fennen. Aparans ka twonpe.
Yon moun k ap kale frekan epi lòt moun kwè sa pa kapab anpechel gen pwoblèm.
Lavi a se yon pantalon ouvè nan janm li, san bretelles; se sa lavi an Ayiti. “Lavi a se yon pantalon ouvè nan janm li san bretelles; se sa lavi an Ayiti.”
Moun rich yo vin pi rich, epi pòv yo gen timoun.
Vrè lanmou pa bay detay enpòtans. Lanmou avèg. Ki moun ki bay sa enpòtans si li vyèj ou pa!
Vanite - li pa gen chemiz esansyèl ki t ap byen kouvri kò l, li vle pantalon pito. Li mete plis fron pase bagay nesesè yo.
Lè w se papa ou dwe konnen sa posib pitit ka fè travay sal sou ou pou bay pitit ou manje.
Ou pa bay chen an yon pantalon; ou pa ka gade/sipèvize fason li chita a.
Pantalon zanmi ou yo p'ap janm kouvri toutouni ou. Pa konte sou zanmi ou yo pou kouvri feblès ou yo.
Biznis yon nèg pa janm twò piti. Se janm pantalon l ki piti/sere. Hall 1953 ekri Afè nèg pa piti , se janm kanson ki jis .
Pantalon zanmi ou yo p'ap janm kouvri toutouni ou. Pa konte sou zanmi ou yo pou kouvri feblès ou yo.
Pantalon pa gen plis prese pase janm.
Mwen pa janm bay chen pantalon, pou tèt pa m.