Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa bliye ak ki moun ou dwe tout bagay sa yo.
Li pran tout kalite... Moun entelijan pa t ap genyen l fasil konsa si se pa t pou moun sòt.
Wè oswa pa wè, antèman an se pou katrè. "Kèlkeswa sa k rive! Antèman a katrè apremidi. " Kit ou konnen l kit ou pa konnen, antèman an fikse pou 4è apremidi. Kèlkeswa sa nou fè, nou pa ka evite sò nou/chanje destine nou. Sò nou sele epi l ap tann nou.
Lè w gen pwoblèm ou chache rezoud li ou pa t teni kont de ras li ni de klas moun ki gen pwoblèm nan.
Yon moun ki pi gran pasew ou dwe respektel li pa gen menm nivo ak ou.
De ti chen ap jwe, se youn ki dwe tonbe.
Si moun lakay yo pa vann ou, moun deyò yo pa ka achte ou. "Si moun lakay yo pa vann ou, moun deyò yo pa ka achte ou." ... pa devwale sekrè ou yo... pa ka dekouvri yo.
Ou dwe aksepte bon an ak move a.
Pwoblèm yon moun se pwofi yon lòt. cf. avoka, doktè
Se chat kay la ki trayi chat peyi a.
Twòp lajan fè yon nonm pèdi tèt li.