Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Lang ak dan ap goumen, men yo toujou rete menm kote

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #2426 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Lang pa lanmè, men li kapab nwaye w

Pou montre kòman lang pale anpil, epi ki gwo dega lang ka fè

Se gou sòs ki mete lang deyò

Se gou bouyon an ki rale/pèse lang lan deyò.

Si ou pa gen lang, ou pa manje

Si ou pa gen lang, ou pa manje. "Si ou pa mande travay, ou pa jwenn travay." Fè tande vwa ou.

Lang ak dan pa janm pa mòde

Sa montre konn gen ti pwoblèm ant moun ki byen anpil . Yo toujou pa antann yo.

Lang ou se kouto debò

Pou eksplike l dega yon moun ki pale anpil ka komèt li ka beni li ka modi.

Se lang krapo ki touye krapo

Moun ki pale anpil yo gen tandans revele sa yo ta pito kache.

Se lang krapo ki ka trayi krapo

Moun ki pale anpil yo gen tandans revele sa yo ta pito kache.

Dan mòde lang

Sa k rive nan konfli domestik - yon pati nan Tout la blese yon lòt pati nan menm Tout la..