Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Nan mal, nan mal nèt

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3450 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

A defo chyen, kabrit al lachas

Fòk nou aprann itilize sa nou genyen. Kèk bagay yon moun ke li pa dwe fè men li fè l nan plas moun ki ta dwe fè l la.

Abitid touye mèt li chak jou

Anpil moun viktim nan bagay yo pratike chak jou. Anpil moun viktim nan travay yo, oswa nan vis ke yo genyen

Abiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranni

var: kon, kou. s: jan, fason <br>par: Bourik mèt fè santan nan lekiri, li pa gendwa tounen cheval.

Abiye kon li abiye, kan midi sonnen, fòk bourik sendonmeng ranni

Yon bourik se yon bourik. Ou ka retire bourik la nan peyi a, men ou pa ka retire peyi a nan bourik la.

Abraram di sètase

Lè yon moun fè twòp li rive nan bout li.

Achte peye prete remèt se sa k fè yon lizaj

Pou montre ki jan yon moun ka moun nèt al kole lè l ap viv nan sosyete.

Achte pye bèf nan men pratik ou

Adefo poul, nan mori

Lè pa gen poul, yon moun degaje l ak moru. Yon moun degaje l ak sa l genyen.