Creole101 Logo

Proverbios de criollo haitiano

Creole Proverbs

Más de 6,000 proverbios en criollo haitiano, con explicaciones y traducciones en 4 idiomas. Cada visita muestra los proverbios más populares junto con nuevos para descubrir.

Manman poul ki gen yon sèl pitit pa gen pitit

Proverbios de criollo haitiano Proverbio #3097 Creole101
🧩 Proverbios en el mismo tema

Otros proverbios en criollo haitiano similares al anterior.

Bourik fè pitit pou do l poze

Yon moun ki ede yon lòt pou fè menm bagay li te konn abitye fè yon manman ak papa fè pitit se pou edel.

Papa pitit toujou gen tach sou kanson l

Lè w se papa ou dwe konnen sa posib pitit ka fè travay sal sou ou pou bay pitit ou manje.

Yon je pa je

Yon sèl je/pitit se pa yon je/pitit ditou. “Pa kontante w ak yon sèl bagay/pitit ou genyen; ou ka pèdi l. Eseye jwenn yon lòt.” Eseye jwenn plis pase yon opinyon.

Pitit malere "maledve"; pitit gran nèg "mal apri"

Sa vle di pitit grannèg devan la sosyete yo vle achte figil tout sal fè sa bon yo jije yon lòt fason pou pitit pòv la.

Pitit tig se tig

Kèlkeswa defo papa ak manman se defo pitit la osinon sa papa ak manman konn fè se sa pitit la fè tou.

Pito pitit kriye manman pa kriye

Yon moun ki deside mete lòd lakay olye pitit li yo ta fè la sosyete plezi.

Pitit malere maledve; pitit gran nèg malapri

Pitit pòv malere a mal elve; pitit grannèg la mal aprann. "Pitit pòv la mal elve; pitit grannèg la pa t aprann."

Kon paran an ye, pitit ye

Tel papa tel pitit gason.