Lespri voye sòt nan mache, sòt twonpe moun lespri
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Moun entelijan an voye moun sòt la nan mache, moun sòt la pran avantaj sou moun entelijan an.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Pran pòz ou gen twòp lespri konn rann moun sòt.
Pou evite yon moun pa pran nan aparans li menm si li gen bèl prestans.
Pale franse pa di lespri. ent: Se pa paske yon moun konn pale franse pou pran l pou moun lespri.
Konesans difisil, entèlijans koute chè. Toujou gen yon moun ki pral depase w .
Se lespri a ki dirije kò a.
Lè yon nèg ap montre li twò fò li poze vye aksyon ki dwòl anpil.