Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa mare bouch bèf la pandan l ap rale kabwa a. Ou p ap reyisi fè sa.
Timoun yo ap plezante/anmède yon paran ki twò dous.
Kèlkeswa kote men an lonje, se la je a gade.
Lè yon moun vrèman grangou , li manje po patat la ak tout.
Yon moun ki gen nesesite yon bagay ou dwe pran anpil prekosyon ak pasyans pou l ka jwenn li osinon pou l pa pedil.
Mezi yon moun genyen ou dwe chache viv ak li san ou pa chache viv pi wo pase fòs ou.
Pou manman yon moun, li toujou yon timoun, kèlkeswa laj li.
Si moun nan te ka fè li t ap fè tout bon men domaj li pa kapab.