Li fasil pou nou wè defo lòt moun ; li difisil pou nou wè pa nou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa gen anyen ki pafè.
Fòk nou aprann itilize sa nou genyen. Kèk bagay yon moun ke li pa dwe fè men li fè l nan plas moun ki ta dwe fè l la.
Sa vle di annou antann nou defo pa w sanble ak defo pa m.
Kèlkeswa defo papa ak manman se defo pitit la osinon sa papa ak manman konn fè se sa pitit la fè tou.
Si nou jwenn defo nan mouch yo, vyann lan ka byen gen defo tou.
Pa fè dyab la pi nwa pase jan l ye a. Pa egzajere pwoblèm oswa defo.
Tout moun gen yon sèl zanno lakay bijouye a. Tout moun gen defo. Pèsonn pa sen. Tout moun gen yon fanmi malere. Ou pa sèl moun ki gen pwoblèm.
Chak moun gen moun pa yo chak moun gen yon defo diferan.