Manje lakay yon moun/yon lòt moun pa janm plen vant ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Sa pèdri a di sou branch lan, se pa sa l di lè l anba pèlen an. Aparamman, toutrèl pa chante ankò lè yo an kaptivite.
Gombo glise anpil, men tomat la glise plis toujou.
Yon chen pa janm twò granmoun pou l fache. ...pou l vin fou.
Foli ka pran tout fòm. Moun ka aji irasyonèlman nan plizyè fason.
Nou tout diferan.
Gwo lide; ti memwa! "Ou panse ou entelijan; ou byen sòt!"
Si ou pa travay, w ap vòlè/fè move zak. ... w ap antre nan pwoblèm. Men parese kreye mechanste.
Yon moun ki prè pou fè nenpot vye bagay si moun nan ap pouse frekanl.
Bagay yon moun pa vle se posib kèk fwa li rive li ka rive lakay ou san ou pa t panse ak sa.
Blan pòv yo manje pen manyòk menm jan ak Nwa pòv yo.