Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Kay kamarad pa nan mache

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #1952 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Kay kamarad pa pou ou

Menm kay yon zanmi p'ap janm pwòp kay yon moun. JB Romain.

Kay kamarad pa lakay ou

Menm kay yon zanmi p'ap janm pwòp kay yon moun. JB Romain.

Lè bab kamarad ou pran dife mete pa w nan tranp

Lè w gen yon moun ki pwòch ou e ke gen yon malè ki rivel ou dwe pran prekosyon pou sa pa rive w tou. Aprann nan move eksperyans lòt moun yo.

Kay kamarad pa nan mache

Yon kay zanmi pa nan mache a . Ou pa ka ale rete la nenpòt lè ou vle. Pa mande m nenpòt bagay.

Kabrit mawon rekonèt pye kamarad li nan sab

Zwazo ki sanble… rekonèt youn lòt. Yon vòlè toujou konnen yon vòlè.

Se pa tout sa moun lespri di, ki va sove kamarad

Bonè se pi bon kamarad

Bonè se pi bon konpayon ou.

Volè pa janm vle kamarad li pote makout

Yon moun ki renmen pran sa k pou li li pa janm vle wè moun genyen.