Se lè van an ap soufle ou ka wè dèyè poul la. Se sèlman nan sikonstans byen espesyal verite yon moun parèt.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Fanm pa mal pou grandi ni pou bèl.
Si ze a kale twò bonè, ti poul la p ap viv.
Dlo pote menm boul kanon ale; kalabas vid, kisa ou panse ou ye?
Lè se yon pat bèf, mwen pito achte l lakay machann /boutikè prefere mwen an. "Si m gen pou m soufri pou yon bagay, m ap soufri ak zanmi m."
Ou dwe viv lontan. Pran lavi a dousman epi avèk prekosyon.
Gras a diri a, ti wòch la rive manje grès. Anpil moun jwenn avantaj ki pa t pou yo.
Ou wè chen an ap montre dan l, ap fè grimas, ou pa panse li kontan.
W'ap fè m' monte nan syèl la bak. "W'ap ban m' pwoblèm."
Ou pa ka mare pye lanmò. Ou pa ka anpeche lanmò.
Yon nonm gen yon bous li dwe vide tout tan. Gason yo toujou pare pou depanse.