Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “wi”
← Tounen nan lis prensipal la
Baryè ou rayi; se la solèy kouche ou

Pòtay ou pa renmen/rayi pase a - se la solèy la kouche sou ou pou fòse ou pase kanmenm. "Ou pase nan pòtay sa a lajounen san pwoblèm. Lannwit, ou pa vle pase ladan l poutèt zonbi ki la a." oubyen "Laplipa tan, sa ou pa renmen an ap rive ou."

Bourik travay, cheval galonnen

Moun ki pa kapab k ap travay bay moun ki miyò pase yo. <br>Ki kalite peyi sa a, mezanmi! Moun k ap redi touye tèt yo anba travay, se plio k ap jwi. Se mouri abitan ap mouri nan travay, men se nèg lavil k ap banboche sou sa l ap fè. Se sa pawòl la di wi: &apos;Bourik travay, cheval garyonnen.&apos; &quot;.

Fè zanmi ak kouto avan zabriko mi

Fè zanmi ak kouto a anvan fwi ki gen gou abriko a mi. "Paske lè l mi, kouto a ap twò okipe pou sèvi w anyen." oubyen "Fè zanmi ak yon moun pandan l disponib."