Fòk nou aprann itilize sa nou genyen. Kèk bagay yon moun ke li pa dwe fè men li fè l nan plas moun ki ta dwe fè l la.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Avèk benefis yo, ou dwe aksepte responsablite yo.
Yon moun ki pa dwe fè granpanpan pou sal posede paske lè w mouri ou pa pral anyen.
Kòm ou pa gen yon chwal, ou jwenn yon bourik, epi ou vwayaje.
Pa enkyete w pou sa ou pèdi a, w ap jwenn yon bagay/yon lòt moun ki de fwa pi bon.
Si w antre byen ou ta dwe resevwaw byen.
Mwen ka debrouye m san ou. Pa gen moun ki endispansab.
Avan ou fè yon bagay fòk ou konnen si l ap bon pou w.
Anvan yon chen manje zo a, li eseye/mezire machwè li. Anvan ou kòmanse yon bagay, asire w ou ka fini l. Anvan ou pase yon moun nan betiz, asire w li pa twòp pou ou.
Avan ou fè yon moun yon bagay ki fè l mal fòk ou panse ki jan moun nan ap reyaji.
Avan chak desizyon w ap pran fòk ou gade kisa k ap vini dèyèl.