Yon moun k ap prete li dwe toujou panse pou l ka remèt sal te prete a ak kè kontan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Komisyon an fè pye ou repoze, men li pa fè kè ou kontan.
Kou yon moun gen twòp jwa sa fè mal alèz e pou l sikile.
Renmen l oswa kite l.
Ou wè chen an ap montre dan l, ap fè grimas, ou pa panse li kontan.
Jou ti poul la pi kontan, se jou poul la malfini an pran l. "Lè w pi kontan , yon malè ap rive w."
Jis lè li te panse tout bagay t ap mache byen...
Voye yon lòt moun nan yon komisyon repoze pye ou, men se pa kè ou.
Pawòl dous yo nesesè pou fè kè a kontan.
Lè w voye yon moun sa fè w poze, men moun nan ka mal fè komisyon an.
Lè kè ti poul la kontan/lajwa, ou ka konnen malfini poul la pa twò lwen.
Moun ki pa gen konfyans sou zanmi ki lwen lè l vin jwenn ak ou l ap resevwa w ak kè kontan.