Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “kanmenm”
← Tounen nan lis prensipal la
Fanm gen sèt so

Yon fanm ka tonbe sèt fwa epi li ka sove tèt li kanmenm. Yon moun dwe gen charite.

Kanari pa sous

Lè yon moun ap plede fouye men l nan yon bagay detanzantan gen yon jou l ap fini kanmenm.

Pase devan pa di kont

se byen mache ki konte ~ Yon moun ki kwè nan pasyans ak pèseverans e ki kwè l ap rive kanmenm.

Debouye pa peche

Yon pwovèb. Jwenn yon jan pou soti/pou debouye w yon jan kanmenm/pa fè anyen ni pou anyen se pa peche. “Eseye viv se pa peche.” OSWA “Chache fè yon bagay san pwoblèm se pa peche.”

Baryè ou rayi; se la solèy kouche ou

Pòtay ou pa renmen/rayi pase a - se la solèy la kouche sou ou pou fòse ou pase kanmenm. "Ou pase nan pòtay sa a lajounen san pwoblèm. Lannwit, ou pa vle pase ladan l poutèt zonbi ki la a." oubyen "Laplipa tan, sa ou pa renmen an ap rive ou."