Rakonte istwa se jis sòt, di verite a se trayi yon moun. Fèmen bouch ou!
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ti bagay san sans yo di nan zòrèy yon altèr pi dous pase siwo.
Sa pòv la di pa janm gen valè; pawòl san sans grannèg yo se bon pawòl/sajès.
Yon moun ki gen bon konprann li pi fasil lè l fè yon betiz tout moun kritike sa.
Yon moun ki gen vye aparans epi lòt moun ap pasel anba betiz.
Pa pase l' nan betiz san nesesite. Pa al chache pwoblèm.
betiz grannèg se bon pawòl ~ Pou montre se pawòl grannèg ki gen valè.
Anvan yon chen manje zo a, li eseye/mezire machwè li. Anvan ou kòmanse yon bagay, asire w ou ka fini l. Anvan ou pase yon moun nan betiz, asire w li pa twòp pou ou.
Lè poul la mare, ravèt la di l yon bagay oubyen de. Lè poul la mare, ravèt la pase l nan betiz. Lè poul la mare, ravèt la ba li lòd.