Alèkile 2014
[Refren]
Alèkile ti gason pa woule sèk ankò
Alèkile raf nan bokal pa alamòd ankò
Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò
Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò
1
Alèkile moun an pwovens pi pè vòlè ke bann chanpwèl
Gen mwens bis Obama k ap sikile ke rache pwèl
Pa gen Konatra ankò, bagay sa a pèsonn pa kwè l
Taksi moto bwote pasaje tankou moso twèl
Nou pa sezi pou selilè ankò, men Teleco pa sou Gran Ri ankò
Nan chache pou n sanble ak moun, m pa konn kisa n sanble
Genlè n panse nou ka fè farin san ble
[Refren]
Alèkile ti gason pa woule sèk ankò
Alèkile raf nan bokal pa alamòd ankò
Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò
Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò
2
Alèkile nou pa jwe foutbòl ak boul chosèt ankò (non)
Alèkile jenn yo pa fè lanmou an kachèt ankò (non)
Alèkile pa gen teke mab, pench ak oslè ankò (non)
Alèkile lougawou pa fè aktyalite ankò
Wete trip, nou mete pay, nou pi mal
Nou mete bak epi vitès maksimal
Mande mande sa k ap pase men pèsòn pa fouti di yon mo
Se pa manti nou vin pi mal
N te konn manje zaboka ak wayal, alèkile se lèt ak sereyal
Alèkile [kile], sa k ap pase [pase], BIC Tizon dife di l pa ka pale [pale]
[Refren]
Alèkile ti gason pa woule sèk ankò
Alèkile raf nan bokal pa lamòd ankò
Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò
Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò
3
Jenerasyon granpapa m te kwè nan boule maji
Jenerasyon kounye a lage nan majigridji
Goch antre nan dwat, nou dwat e goch: demagoji
San koule anven pou lapatri: emoraji
Pa gen jenerasyon spontane
Fòk granmoun ak jèn soude (Way)
Bon modèl yo pou nou enkane
Bon granmoun yo pou nou kopye
[Refren]
Alèkile ti gason pa woule sèk ankò
Alèkile raf nan bokal pa alamòd ankò
Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò
Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò
Alèkile ti gason pa woule sèk ankò
Alèkile raf nan bokal pa alamòd ankò
Alèkile tifi pa penyen poupe tèt kwòt ankò
Alèkile nou pa benyen anba lapli ankò
Related Song Lyrics:
English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.
Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
Over 25,000 entries in the database. Updated every week!
Love, friendship, lovers, nice words, Jehovah, The Bible, Love SMS, SMS emoji