A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Search:
BIC - Kreyol Chante Kreyol Konprann
(1+1=1, 2008)

BIC
BIC still dizon dife
Nade
Pawòl chante pawòl konprann
Lanmou se zafè bon konprann

Smile, brother, sou beat sa w fè m konprann
ke nan lanmou nou pap janm fin aprann
Nan matematik lanmou
Un et un egal un (1+1=1)

[BIC]
Ou se piman lè map kraze gwòg mwen
Antivirus ki ka trete bòg mwen
Dlo kokoye glase nan tenbal mwen
Bagèt ki kalonnen fèy senbal mwen
Ou se bon kiyè bwa ki pou bwase m
Ou se paydefè k pou dekrase m
Ou se kout tonnè m, ou se kout zèklè m
Ou se loray boule m, ou se tonnè kraze m

[Nade]
Ou se mitan teren kap jwe nan jwèt mwen
Atakan ki nan senk mèt senkant mwen
Ou se pòy sigarèt dèyè zorèy mwen
Ou se yon kout kòd anba ti vant mwen
Ou se katèpila k demantibile m
E se avè'w mwen vle fè jibile m
Ou se mannivèl k ap mennen lavi m
M kontan, de ran dlo, de ran larim
Woy woy woy woy
Mwen menm avèw sa fè youn
Woy woy woy woy

M pa konn konte men m kapab konte sou ou ti doudou
M pa konn konte men m kapab konte sou ou ti doudou

Ou se kle rete m, ou se gazèl mwen
Ou se sèl chalè k ka boule zèl mwen
Ou se kwa manman m, kwa papa m m pa sa pile
Nenpòt jan w mache, se dèt k ap anpile
Ou se Mari Jann mwen
Ou se nonm mwen
Daminjann mwen
Ou se tè jenjanm mwen
Ou mete fren nan vi bing bang mwen
Tanbou k ranmase kata nan bann mwen
Ou se piman zwezo ki tranpe nan pikliz mwen
Ou se klòch ki karyonenn anndan legliz mwen
Ou se papi m, ou se trankilite kabès mwen
Ou se lavi m, ou se nimewo adrès mwen
Ou se pa m, pa m, pa m, pa m, pa m
Ou se bòy ki nan pwa m
Ou se kle kontwò, kle gòl mwen
Ou fè m chante tankou rosiyòl
Kle de sol mwen
T'es ma guitare, mon micro
Ma feuille, mon stylo
Mon ciel, mon ile
Ma terre, ma ville
Ma reine, mon bouclier
Ma tigresse, mon sanglier
Ma rose, ma dose, ma prose, ma pause
Ou se zo dekabès mwen,
lanmou k pete kannkès mwen
Girl ou se minimum mwen bezwen
pou m ka fè pakèt mwen
Sitwonèl ak bazilik ki anpeche m vomi
Lè lavi a pote anba nenm tout sa ki santi di
Smile ale di yo
Un et un egal un (1+1=1)
Banzai

(Ekri pa Roosevelt Saillant)

This Lyrics has been viewed 145 times

Related Song Lyrics:
Tann pou tann (feat. Papash) by Master G
Lokal by King Posse
Politik pa m by Master G
Sispann by Master G
Cach Cach lanmou by Master G

Share/Bookmark
Loading...

🔥 Creole101 Trending Music Charts Updated:

🇺🇸 Billboard Hot 100 (Top 10) Billboard
    🇭🇹 Haiti (Top 10)
      🌍 Top by Continent

                🌐 More Charts (Top 10)
                ...

                Translation and definition

                English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.

                ...

                Reina's Book Series for Children

                Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
                Over 25,000 entries in the database. Updated every week!