Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Bèl fanm se bèl malè

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #342 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Doulè yon fanm se pou tout fanm

Yon fanm ka konprann yon doulè yon fanm menm si li pa t janm pase pwoblèm sa yo.

Fanm se kokoye; yo gen twa je, yo wè nan yon sèl

Fanm tankou kokoye: yo gen twa je; yo wè nan youn. Fanm ka fasil pou twonpe. Lanmou avèg.

Fanm gen sèt so

Yon fanm ka tonbe sèt fwa epi li ka sove tèt li kanmenm. Yon moun dwe gen charite.

chèche fanm pa mal; se pwovizyon an ki rèd

Chache yon fanm pa difisil/move; se jwenn sa pou li kenbe/pran swen fanm nan ki difisil la. " Chercher la femme pa vle di anyen; pran swen yon fanm se bagay la."

Lajan pa janm ase pou fanm

Pou montre ke se fanm ki fè tout depans ki lakay.

Fanm pou yon tan, manman se pou tou tan

Montre ni fanm ni manman tout gen enpòtans pa mete youn pi gwo ke lót ~ Ou ka chanje fanm men ou pa kapab chanje manman.

Bon men se wanga fanm lèd

Yon figi dous ak grasyeu se cham yon fanm ki pa gen pwoblèm.

Fanm se zanj, fanm se demon

Pou montre gen fanm bon gen fanm movè.