Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Si kafou a pa bay moun pase, simityè a p ap jwenn kadav la. Si pwòp moun pa w yo pa trayi w, moun deyò p ap ka rive jwenn ou. Trafik la danjere nan kafou yo - si ou rive pase la, ou p ap gen danje. Kafou = Legba; Cimitye = Bawon Samdi .
Yon move kontra pa janm gen yon mèt/otè. Lè se yon move bagay, pèsonn pa pran responsablite.
Lè w gen pitit fi ou pa konn kilès ki ka vin antre nan ras ou.
Pa gen anyen ki tankou prezans yon manman.
Li pi bon pou monte sou yon chwal pase sou yon bourik. Boukan 264.
Si pa t gen soupi nan mond lan, moun t ap toufe.
Yon moun ou bal anpil enpòtans epi ki soTi poul depase nivo apresyasyon ou ba li a pou l ta fè w tounen sapat pye.
Moun ava yo wont/yo wont.
Yon moun ki dakò pou li kontinye lite aprè li fin pran echèk.