Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun k ap egzèse pridans li nan mitan moun li pa konnen.
Jou ti poul la pi kontan, se jou poul la malfini an pran l. "Lè w pi kontan , yon malè ap rive w."
Sa k ap pase nan kwizin nan, kay la pa bezwen konnen.
Se akizatè a ki koupab la.
Lew piti se pou rete nan wòl piti pou pa pran nan pyèj sa ta vle di pou pa ta kale kow devan moun ki pi gran pasew.
Lè yon moun gen pwoblèm ak yon lòt konnen l ap pale sa kanmenm ak yon lòt moun.
Se foli moun fèb k'ap ri moun fò a.
Lè yo pa renmen w, y ap kreye pwoblèm pou ou.
Lè yon gwo kay pran dife, kisa nou ka espere pou kwizin ki gen twati pay la? Si moun ki gen pouvwa oswa ki byen pwoteje yo soufri, moun ki mwens pwoteje yo an plis danje toujou.
Se pa lè, lè yon moun ap nwaye, pou ou montre l kijan pou l naje.
Se mwen menm ak pitit mwen an - jiskaske jou a fini, epi li pou kont li. RD.
se lè sa w ap fèmen baryè ~ Yon moun ki pa pran moman pou fè yon bagay epi ki tann lè a pase se lè sa li pral fè l.
Ou dwe aksepte bon an ak move a.