Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Abitid se kolye

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #7 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Abitid se vis

Li difisil pou w kite yon move abitid.

Pran abitid bay, e moun ap ban nou

Abitid se kolye

Abitid se yon kolye/kolye chen.

Bòs pa gen abitid bliye zouti l

Yon moun ki pral fè yon travay li mache ak enstriman l pou l egzekite travay li pral fè a.

Abitid touye mèt li chak jou

Anpil moun viktim nan bagay yo pratike chak jou. Anpil moun viktim nan travay yo, oswa nan vis ke yo genyen

Jan ou abiye pitit ou se konsa li rantre legliz

Se w ki pou bay pitit ou valè devan sosyete a nan jan ou sèvi ak li.

Tout vye vis se pou malere

Tout vye vis ak move abitid se sou malere yo yo ye.

Ak labitid tout bagay posib

Avèk bon abitid, tout bagay posib.