Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Si li pa pote l, l ap trennen l. Si li pa nan yon pwoblèm, l ap nan yon lòt.
Yon moun ki pi gran pasew ou dwe respektel li pa gen menm nivo ak ou.
Povrete- kondisyon fè cheval angle a pote yon sak pay chaje. Povrete- kondisyon fè cheval angle a pote yon sak pay chaje. "Lè tout bagay ap mache mal, ou fè sa ou pa janm renmen fè."
Moun ki fè favè resevwa favè.
Jis paske bourik ou bon, ou pa monte sou kou l. Jis paske bourik ou bon, ou pa mete chay sou li nèt.
Lwen je yo, lwen kè a.
Tout bagay fèt pa lòd. “Mwen pa ka fè anyen san m pa resevwa yon lòd pou m fè li.”
Pi renmen m nan!
Lè yon moun konn abitye fè kèk bagay ki bon se pa lè l ap fè bagay ki pa bon pou nou ap kritikel.