Kreyon Bondye a pa gen gonm. "Sa Bondye pwomèt la, l ap bay li." Bondye pa fè erè. Sa ki trase pou ou, li trase pou tout tan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Fè grandizè pa vle di kapab.
“Toujou gen yon chemen pou soti!” Pa gen maladi san remèd li.
Yon bagay ou prete nenpot lè yo ka vin chachel nan menw poutet sa ou pa dwe konfyew menm nan bagay moun.
Si van an ka woule yon mòtye ale, imajine yon pòv kalbas!
Toujou gen de bò nan chak kesyon.
Gen kèk kotew rive fòk ou respekte prinsip yo ke w vle l ke w pa vle l.
Lè yon moun nan zafè pa bon epi li fè travay li pa ta dwe fè.
Yon moun ki gen bon konprann li pi fasil lè l fè yon betiz tout moun kritike sa.
Madichon paran yo p'ap janm efase.
Rad chik fè ou bèl - men e kijan pou peye pou yo?