Se pa tout bagay ou tande pou ou repete
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Bagay ki byen prepare pa gen mèt. Tout bagay ki twò pafè se pou premye moun ki vini an.
Tout bagay fèt pa lòd. “Mwen pa ka fè anyen san m pa resevwa yon lòd pou m fè li.”
Se bon bagay ki ra. "Yon bon bagay toujou ra/difisil pou jwenn."
Yon moun k ap gade kòman bagay yo ye avan li antre yon kote si bagay yo ap bon oubyen mal.
Tout bagay ap parèt aklè nan jou jijman an.
Nenpòt bagay ki an kantite pa janm bon. Kantite pa janm yon endikatè kalite.
Gen yon remèd pou tout bagay eksepte lanmò. Chak pwoblèm gen yon solisyon eksepte lanmò.
Bagay ki pa bagay lakay ou se difisil pou konnenl se posib gen sekrè ki fin devwale ki fè w di pawòl sa.