Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Twò prese pa fè jou louvri

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #6016 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Prese kou w prese, twò prese pa fè jou louvri

var: Twò prese pa fè jou louvri. <br>par: pran douvan pa vle di konn chimen.

Twò prese pa rive

Twòp prese pa rive. “Moun ki prese pa rive okenn kote!” oubyen “Pran l fasil!” Prese fè gaspiyaj.

Kou ou prese, kafe ou koule ak ma

Lè w ap prese, kafe w la ap pase nan dlo a ak moulu kafe a. Prese fè gaspiyaj.

Twò prese pa fè jou louvri

Prese fè bwochi pa di ou va rive denmen

Prese pou pibliye pa vle di ou pral vin popilè demen.

Prese bon, dousman bon

Prese se yon bon bagay; ale dousman/fasil se yon bon bagay. Gen plis pase yon sèl bon fason. Ou fè l jan w vle , m ap fè l jan m vle.

Mache prese pa fè jou louvri

Yon moun k ap fè yon bagay ak tout vitès sa vle di l ap reyisi ladann touswit.

Talon pye ka pi prese pase zotèy pye

Ou pa ka pi prese pase moun k ap mennen l lan.