Vajen an pa gen zòrèy; kijan li ka tande bri lajan?
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa tout pale ki gen sans.
Sèpan ki pa sonde gòj li p'ap vale krapo.
Machann lèt la se yon moun rize.
Koripsyon kòmanse anlè.
Sa ta vle di moun k ap fè byen ak ou ou dwe fè byen ak li tou pou ta ka ankourajel nan sa l ap fè a.
Yon moun ki konn fè yon bagay menm si li vin granmoun l ap toujou gen konesans de metye a.
Apre yon ti tan, bagay yo chanje. Bagay yo chanje avèk tan. Jowel Tan yo chanje.
Li pi bon pou yon gwo pwason nan yon ti letan pase pou yon ti pwason nan yon gwo letan.
Gen cham ki depase lòt cham yo. Ki vle di egzistans yon bagay ki pi fò oswa ki pi puisan.
Ede Bondye; Bondye ap ede ou.
Yon moun ki twò welele ki soumoun ki prèt pou mele zaf ki pa regadel.
Mwen ka debrouye m san ou. Pa gen moun ki endispansab.