Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Bouda won, pete kare

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #576 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Tèt kòk bouda pentad

Yon moun ki gen doub pesonalite ki pote yon bon non k ap fè aksyon mechan.

Se lè van soufle w ap wè bouda poul

Se lè gen diskisyon zanmi gate osinon lè gen pwoblèm ou konn tout koze w ap konn tout sa moun ka fè.

Se pa yon sèl jou bouda bezwen kaka

Yon moun ou te fin ede epi ki pran poz se pa anyen sa kom kwa dire li pa bezwen moun ankò se lè sa yo itilize pawòl sa.

Bouda won, pete kare

Yon moun ki plasel pi wo ke sal ye.

Bouch fè dèt, bouda peye l

Yon moun fè yon bagay se yon lòt ki peyel pou li ou sibi chòk yon bagay pou yon lòt moun.

De kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay la

Si ou koute kout pete nan bouda ti mal w a ba li chay li pa kapab pote

Bounda li won, li vle pete kare

Bouda li won, men li anvi pet kare kare. Li vle depase mwayen li.