Prepare dlo, epi tann swaf ou. Ranje kabann ou anvan ou bezwen kouche ladan l.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Nesesite se manman envansyon.
Ou ka wè klèman kiyès kèk moun ye, men pou sa li difisil pou asire w.
Lè yon bagay twòp pou w ou chache konsèy osinon konkou moun ki bò kotew yo.
Lè yon moun nan afè pa bon w ap wè si li bon moun osinon lè moun nan devan yon sikonstans w ap wè si l pap tonbe.
Tout sa ki klere/briye pa lò.
Moun ki toujou panse sa ki mal souvan nan erè. Pa fè tout moun konfyans.
Anpil moun viktim nan bagay yo pratike chak jou. Anpil moun viktim nan travay yo, oswa nan vis ke yo genyen
Komisyon an fè pye ou repoze, men li pa fè kè ou kontan.
Lè w wè yon moun meprize nan lari avan li te gen valè.
Se lè koulèv la mouri ou ka wè vrè longè li.
Si se pa t pou fèy la, mwen t ap touye zwazo a. “Ou epaye poutèt…!”