Timoun fwonte mache ak sèkèy li anba bra l
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Pou egzote yon moun k ap sevi mal ak timoun. osinon pou pa ta pini yon timoun pou nenpot ti bagay li fe.
Timoun se ti bèt. "Timoun pa janm fatige; yo toujou ap jwe."
Yon moun ki fè yon timoun epi li pa vle mache sou menm wout ak paran l yo epi li deside pran chemen pa l.
Timoun vakabon an mande kalalou bouyi cho. Ou ba li l nan pla men l. "Ti gason mechan an ap chèche pwoblèm; li jwenn li." Hall 1953 gen Timoun ki mande sa a. gonbo cho , ou ba li lan pla men n [ mê -n].
Timoun yo ap plezante/anmède yon paran ki twò dous.
Lè yon moun timoun radi se fwèt ki ka fè l vin miyò ke jan l te ye a.
Yon timoun ki ap respekte moun se posib pou l pa viv lontan.
Timoun ki prèske pa mouri dimanch la, se dimanch li dwe mouri. "Timoun ki te pral mouri dimanch la ap toujou mouri dimanch." "Istwa repete tèt li."