Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Sa pèdri a di sou branch lan, se pa sa l di lè l anba pèlen an. Aparamman, toutrèl pa chante ankò lè yo an kaptivite.
Manje/grenn ou pa renmen manje a, se sa ki pouse nan jaden ou. "Sa ou pa ka sipòte wè a se sa k ap pase lakay ou."
Lè yon moun di w li ka fè yon bagay pa prese di l manti.
Tout kesyon yo rezoud pa yon wi oswa yon non.
Pa gen yon moun ki ta vle reyisi pou l pa jwenn difikite sou wout la.
Se pa tout vyann ki fèm.
var: Kaka poul pa ze.
Ou ka fè bourik la travèse rivyè/rivyè/dlo a; ou pa ka fè l bwè.
Si yon bagay rive yon manm nan fanmi an, lòt yo afekte.
Yon moun dwe diplomat pou kenbe amitye. Chwazi mo ou yo avèk sajès.
Lè yon moun fè fè w yon bagay depase se posib sa ka rive vin anmède moun nan ki fè l la tou.
Si ou pataje manje ou, ou p'ap janm grangou - paske y'a pataje avèk ou nan move moman.