Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Tout kèsyon vini nan wi oubyen non

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #5879 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Tout kèsyon vini nan wi oubyen non

Tout kesyon yo rezoud pa yon wi oswa yon non.

Babye chat, men pa kondane kizinyè

Toujou gen de bò nan chak kesyon.

Nèg sòt mare cheval li, nèg lespri pa ka lage l

Moun sòt la mare chwal li. Moun entelijan an pa ka lage l. Moun sòt yo poze kesyon moun saj yo pa ka reponn.

Grenn pwomennen di li tande anpil bagay, bwa pi wo di sa l wè, se pa pale

Bwa pi wo di l wè lwen, Grenn pwomennen di l wè pi lwen pase l.<br />exe: Pa gen nèg dyòlè pase Frewo. Misye toujou pran pòz li konnen tout sa k ap pase nan Pòtoprens. Te gen yon aksidan ki fèt sou wout Delma a. Misye te nan zòn lan. Men, li pa t wè aksidan an. Nan demen, li al wè yon zanmi Kafou epi Janwobè vin parèt. Frewo kòmanse pale de aksidan an kòmsi l te la sou plas lè l fèt la. Misye di: A! Gen yon kokennchyenn aksidan ki fèt yèswa sou wout Delma a, se bagay grav! Yon bis Dayatsou frape yon kamyon kola. Boutèy kola fè kenken, moun bwè kola nèt ale&quot;. Janwobè di l: &quot;Ou fin pale?&quot;. &quot;Ou t ap poze yon kesyon sou aksidan an?&quot;, Frewo reponn li. Janwobè di: &quot;Non, m t ap pote kèk eklèsisman sou sa. Men kijan aksidan an te ye: yon kamyon kola sot anwo Petyonvil; lè l rive bò &quot;Cine Imperial&quot; li pèdi fwen. Li al antre sou yon bis Dayatsou. Sèz moun nan bis la mouri. Wout Delma bloke nèt. Mwen t ap travèse pon an lè aksidan an fèt la&quot;. <br>par: Tande ak wè se de.&quot;