Malfini poul la rate poul la; li pran pay la. Pran sa ou kapab.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè kè ti poul la kontan/lajwa, ou ka konnen malfini poul la pa twò lwen.
Mwayen yon moun genyen se ak mwayen sal dwe viv san l pa gonfle lestomak li.
Chen ou fè byen avè l/ou pran swen l lan, lè l fache, se ou li mòde.
De moun ki entèlijan pa kapab gouvène menm kote osinon rete nan menm kay.
Reflechi se pa vin gra. "Pa kontinye reflechi; ou pral vin mens."
Vòlè a vòlè vòlè a; dyab la ri.
Chanjman politik.
Si ou gade yon moun byen, li menm ap montre w san w pa konnen kijan pou w fè l antre. Si ou chatouye ke yon tòti, l ap soti nan kokiy li - RD.