Lè yon moun se yon moun ki renmen fè grandizè, sa pa vle di li merite onè.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon po tè pa ka goumen ak yon po fè. Frekante sèlman moun ki menm nivo avè w. Konnen tèt ou. Pa pran yon moun ki pi gran pase w.
Ou dwe bay pou ou ka resevwa. Menm jan ak "ou rekòlte sa ou simen".
Li konnen egzakteman ki kote li kapab ale ak ki kote li pa kapab ale. Li konnen limit li yo.
Bagay ki pase ant moun ki nan menm sosyete menm gwoup nan menm fwa dwe rete sekrè ant yo.
Jodi a se jou pou nou ale nan rasin pwoblèm nan.
Avèg pa jwe zo. Pa antre nan anyen ou pa gen entansyon fè.
Santiman malere yo enkonpreyansib. Nou p'ap janm ka konprann kijan moun ki vrèman pòv yo reyisi siviv. Soti nan Tonton Libin
Yon moun ki jwenn favè parapò ak yon lòt moun ki la epi yo pwofite fè moun nan jwenn yon bagay tou.
Yon moun ki konn fè yon bagay menm si li vin granmoun l ap toujou gen konesans de metye a.
Èd etranje yo bay pou ede pèp la, men li fini nan pòch moun rich ak moun ki gen pouvwa yo.
Lè m ba w ou dwe ban m tou; lè m rann ou yon sèvis ou dwe rann mw sevis tou.