Bèf la/towo bèf la di li pral sal patiraj la; se jis ke l li sal.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
betiz grannèg se bon pawòl ~ Pou montre se pawòl grannèg ki gen valè.
Chak kretyen vivan gen kalamite pa yo pandan w ap viv sou tè.
Pou eksplike l dega yon moun ki pale anpil ka komèt li ka beni li ka modi.
Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.
Se pou egzòte lòm pou yo pata kwè yo wo pase lòt moun pou yo ka aprann modesti yon ti kras.
Pafwa etranje trete w pi byen pase pwòp fanmi w.
Bagay ki rive yon lòt ka rivew tou pa kritike l pou sa k rivel la.
Lè w nan pwoblèm ou ale kote moun ou pa menm fin alèz avèk yo.
Twòp metikuleu fè yon moun di se pou l pa fè anyen. Pa egzijan twòp.
Ou wè chen an ap montre dan l, ap fè grimas, ou pa panse li kontan.
Timoun se richès pou pòv malere. "Timoun se richès pòv yo." Timoun se richès pòv yo. Yon timoun se richès pòv yo.