Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Vòlè a pa wont, men fanmi an wont. “Sa pa vle di anyen pou vòlè a, men sa vle di anpil pou paran l.”
W a sibi konsekans move frekantasyon w fè.
Lè ou rankontre yon zo nan lari a, ou konnen li te gen chè sou li yon lè.
Sa ta vle di pou pa gen paspouki met bagay la jan l ye nan bon timamit.
Pi bon yon zam pase fòs brital.
Menm si kodenn nan mens, li pa dòmi sou yon tij pitimi/mayi. Li pa konfòtab; epi li ta kraze anba pwa li.
Mande "nèg saj" la/moun ki rond la sa l manje; pa mande l sa l konnen.
Pwoblèm moun ki pwòch ou kapab tonbe sou kont ou.
Bonè pa kriye menm jan ak doulè.
Bon kont yo pa toujou an chif won.