Menm moun rich yo gen yon sèl vwal.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Si krapo a te bon vyann, li pa t ap mouri bò lanmè a.
Biznis la/Sa k ap pase lakay lòt moun se yon mistè. "Biznis lakay yon lòt moun se yon sekrè."
Repo se pi bon remèd la.
Toujou gen de bò nan chak kesyon.
Li wont, li sèvi ak kòlè. “Pou l kache wont li a, li vin fache.”
Chodyè/bouyi ou pa mete sou dife a, ou pa retire li. "Pa foure nen ou nan zafè moun."
Si kalmason an te bon vyann, se pa nan mitan wout la yo t ap jwenn li. "Bon vyann pa janm vann bon mache."
Lè de grannèg ap regle zafè yo, "Ti nèg, soti sou wout la/trennen kò ou ale."
Depi yon moun jwenn kichòy pou l manje li pap grangou ankò.
var: Jan chat mache, se pa konsa l kenbe rat. ent: a) Pa gade sou aparans. (Aparans ka twonpe w.) b) chyen sa a, pa okipe l. Li pa p jape w; men, se yon chyen k mòde antrèt!
Se toujou sou chen mèg yo wè pis.