Mwen p ap rele yon chen 'papa' pou yon zo.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa chak jou Margaret al nan mache a li fè bon komisyon/pwofi.
Sa ki pou yon chouèt, se pou yon lòt chouèt li ye.
Yon moun osinon yon bagay ou wè ki bèl anpil konn anpil fwa yon pyèj.
"Zafè kabrit se pa zafè chen." Zafè yon moun se pa zafè pèsonn lòt.
Yon bagay ki pase mizè twòp li pa fasil pou bay bon fwi.
Ensilte yon moun abiye, pa yon moun toutouni. Atake yon moun ki ka defann tèt li.
Si pa gen detounè lajan/machann fwod/ moun k ap resevwa machandiz yo vòlè, pa gen vòlè.
Pa joure manman krokodil la jiskaske ou fin travèse rivyè a. Pa aji twò vit epi pa vante tèt ou anvan ou fin fè yon travay.