Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè yon moun anvi depanse se pa volè men sa ka fè l gen anpil dèt.
Jwe se jwe, bite pa ladan l. "N ap jwe men nou p ap bite." oubyen "Mwen se zanmi w, men fè atansyon sa w ap di a." Yon blag gen limit li.
men ou ka anpechel fè nich ~ Gen kèk bagay ou pa kapab anpeche moun fèw men gen lòt ki pi dwòl epi ou gen mwayen pou anpechel fèt.
Moun ki ava toujou renmen bagay lòt moun.
Avèg la di ou l ap ba ou yon kou ak yon wòch; si l pa nan men l, se anba pye l li ye.
Se pa tout zam ki tire dwat.
Pa meprize pòv yo ki vle pale avè w; chak fwa ou aprann yon bagay ki gen valè nan bouch yo. Sajès ka soti nan kote ou pa t atann.
Yo tout ka al nan lanfè.
Moun ki manje tout bagay nan aswè, demen va manje pen nwa. Panse ak demen.