Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Kite kantik, pran priyè

Ann pase nan yon lòt sijè, etap. Not: An jeneral, nan sèvis relijye yo, yo chante anvan, epi yo priye.

Nan dinen malfini ou manje koulèv

dine malfini poul la, ou manje koulèv. “Lè w ap manje ak yon malfini, ou manje koulèv.” oubyen “Akòz move asosyasyon ou yo, ou konnen davans sa ou gen pou vale.”

Bon pa gaspiye

Yon bon bagay/yon bon moun pa gaspiye. "Si ou kapab, yo bezwen ou."

Pye kout pran devan

Lè yon moun ap fè yon bagay li ta dwe fè sa pi vit avan l pi ta osinon yon moun ki gen ti mwayen pou l ta regle zafèl pa ti kras.

Gran kay pran dife, ki dire lakoujin

Lè yon gwo kay pran dife, kisa nou ka espere pou kwizin ki gen twati pay la? Si moun ki gen pouvwa oswa ki byen pwoteje yo soufri, moun ki mwens pwoteje yo an plis danje toujou.