Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Sa ki sòti pa antre

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4624 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Lafimen pa janm soti san dife

Lè yon pawòl sòti fòk li gen yon sous li soti kanmenm.

Se lavil bonbon sòti monte nan mòn

Se nan vil la pi bon sirèt yo soti epi yo monte nan mòn yo/nan zòn andeyò yo. "Pi bon bagay yo soti nan vil la."

Sa ki sòti pa antre

Sa ki soti pa antre. "Fè atansyon lè w ap depanse lajan w!"

Lè yo pa renmen ou, tou sa ou fè sòti mal pou ou

paske lide yo deja pran yon desizyon

Se lè cheval la soti, ou rele fèmen baryè

Se tankou fèmen pòt etab la apre bèf la fin soti.

Pwason sòti nan lanmè; li di ou kayiman malad, se pou ou kwè l

Si li soti dirèkteman nan sous la, kwè li.

Ou pa konn kot dlo soti pou l antre nan kokoye

Lè yon moun devan yon sitiyasyon ki difisil epi li kwè kanmenm pwoblèm nan ka rezoud menm si li pa wè kote li ap pase.

Pwason soti nan dlo li di w kayiman malad fòk ou kwè

Yon moun k ap viv menm kote avèw si li di yon bagay sou w ou oblije kwè.