Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Sa ki rive koukouloukou a rive kakalanga tou

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4619 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Twò prese pa rive

Twòp prese pa rive. “Moun ki prese pa rive okenn kote!” oubyen “Pran l fasil!” Prese fè gaspiyaj.

Sa ki pa rive nan 100 tan, rive nan yon jou

Sa ki pa rive depi san lane ka rive nan yon sèl jou.

Sa k rive kalalou ka rive malanga tou

Bagay ki rive yon lòt ka rivew tou pa kritike l pou sa k rivel la.

Malè pa mal pou rive

Pwoblèm vini fasil. Yon aksidan rive fasil.

Sa ki rive koukouloukou a rive kakalanga tou

Sa ki rive kodenn lan kapab rive kòk la tou. “Sa ki rive m nan ka rive w tou.” Sa ki frape nèg sòt la kapab frape nèg entelijan an tou. Koukouloukou = 'kodenn/moun sòt' & kakalanga = 'kòk/moun entelijan'.

Sa ki rive te dwe rive

Sa ki te pase a te gen pou rive.

Lè w rive yon kote se pou danse kon tout moun

Pou egzòte yon moun ki rive yon kote pou premye fwa epi ki soti pou vyole prensip ki nan zònn nan.

Kote y ap plimen kòdenn, poul pa ri

Kèlkeswa kote y ap rache plim kodenn lan, poul la pa ta dwe ri. -Sa k rive gran an ka rive piti a tou. Pa janm pran plezi nan pwoblèm yon lòt moun - li ka rive ou tou.